WASHINGTON, DC, U.S.A. (VOA) -- Ayiti-Edikasyon: Gouvènman an pran tout dispozisyon ki nesesè pou evite derapaj nan okazyon ouvèti ane eskolè a lendi 7 septanm 2015 la.
Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, mande konkou ak kontribisyon paran, pwofesè ak lòt sektè konsène yo pou reyisit ane akademik la.
Ayiti-Politik: Kandida ala prezidans Pati Pitit Dessalines, Senatè Moises Jean Charles, nonmen jounalis byehn koni Dally Valet kòm direktè kanpay li. Misye Valet fè konnen misyon n se pozisyone kandida a nan kous prezidansyèl la epi ede l ranpòte eleksyon ki fikse pou 25 oktòb 2015 la.
Ayiti-Tourism: Anfen, gouvenman an lanse you pwojè amenajman plizyè sit touristik atravè Gran Sid la you fason pou atire plis touris nan rejyon an. Korespondan nou nan vil Okay, Jean Hernst Eliscar, di nou fiansmas pwojè sa a ap sòti nan Bank Entè-Amerikenn Devlopman (BID) e lap monte rive 36 milyon dola ameriken sou yon dire 3 zan.