Thursday, September 29, 2016 - 14:31
Kandida alaprezidans peyi Dayiti Edmonde Supplice-Beauzile (Fizyon).
WASHINGTON, DC, U.S.A. (VOA) -- Nouvèl ki soti Ayiti fè konnen kandida alaprezidans pati Fizyon Sosyo Demokrat yo, Senatris Edmonde Supplice-Beauzile, ekri yon lèt ke li voye Washington DC kote li adrese l direkteman ak premye sitayen Ameriken an Barack Obama sou sò Ayisyen k ap viv san papye yo ak sila yo ki gen dosye nan lajistis Ozetazini.
Nan lèt sila a, Madam Beauzile mande Prezidan Obama pou l fè yon kanpe pwovizwa sou depòtasyon sa yo an atandan peyi D Ayiti gen yon gouvènman lejitim. Madam Supplice-Beauzile ki te ap reponn kesyon Jean Pierre Leroy fè konnenn se pa premye fwa li pale ak otorite Ameriken yo sou dosye depòtasyon Ayisyen yo.