Quantcast
Channel: Caribseek News
Viewing all articles
Browse latest Browse all 4525

KEP A Konfime Piblikasyon Rezilta Preliminè Prezidansyèl Yo Pou Jedi 5 Novanm 2015 La

$
0
0
Ayiti-Eleksyon:

WASHINGTON, DC, U.S.A. (VOA) --  Sou 162 plent pati ak kandida yo te depoze devan komisyon espesyal KEP a fòme a, se 43 sèlman komisyon an transfere nan Sant Tabilasyon an pou verifikasyon.

Prezidan komisyon espesyal la, Pierre Manigat Junior, bay garanti KEP a pral pibliye rezilta preliminè premye tou eleksyon prezidansyel yo jedi 5 Novanm nan.

Yon lòt kote, yon gwoup kandida ala prezidans (pami yo genyen Samuel Madistin (MOPOD), Jude Célestin (LAPEH), Jean Henry Céant (Renmen Ayiti), Charles Henry Baker (RESPE), Moise Jean-Charles (Pitit Desalin) ak Sauveur Pierre-Etienne (OPL) voye bay konsèy elektoral la yon lèt kote yo mande fòmasyon yon komisyon endepandan pou mennen ankèt sou sa yo konsidere kèk fwod ki ta genyen nan eleksyon 25 oktòb la avan piblikasyon rezilta preliminè yo.

Anfen, Rezo Nasyonal Kap defann Dwa Mounn ann Ayiti, RNDDH, kritike fòmasyon komisyon elektoral ki gen responsabilite pou l fè ankèt sou 160 plent kandida yo te depoze nan KEP a  pou  denonse sa yo rele "magouy" ki ta genyen nan eleksyon 25 oktob yo.

Language:


Viewing all articles
Browse latest Browse all 4525

Trending Articles